Diskou Prezidan Jovenel Moise nan jou ki te 05-06-21

Diskou Prezidan Jovenel Moise nan jou ki te 05-06-21
Diskou Prezidan Jovenel Moise nan jou ki te 05-06-21
Diskou Prezidan Jovenel Moise nan jou ki te 05-06-21

Mèdam, Mèdmwazèl, Mèsye, Ayisyen, Ayisyèn kap viv nan 4 kwen peyi a ak nan dyaspora,
Mwen sonje lè-m te reyini gwo zotobre nan Leta pou salitasyon nan finisman ane 2020 an, mwen te di yon fraz ke m mwen vle repete ankò jodi a. “Mwen te swete Jistis la tounen tout bon vre fanm je bande sa a, je mare sa a ak yon mouchwa nwa, ki san paspouki nan sèvi moun pòv tankou moun rich, moun po jòn tankou moun po nwa, moun anwo tankou moun anba”.
 
Moun ki kwè se yo ki mèt peyi a, ki kenbe jistis peyi a an notaj, nap di yo, yo merite jistis menm jan ak moun ke yap rele Ti Mafi, Ti Mari, Ti Jozèf yo. Peyi a se pou yo tou. Yo gen dwa tou ak lajistis.
 
Jodi a ki sa pèp la konstate, Jistis la pa egziste pou malere, ni pou moun debyen ki pa nan koripsyon. Tribinal an grèv pou tout malere, pou tout pitit pèp la. Men depi se pou libere moun kap fè koudeta,  kriminèl kap fè san Pèp la koule, kap lòk peyi, ki anpeche timoun yo al lekòl, kap kraze bak machann, kap boule kamyonèt Tap-tap nan lari, kap boule enstitisyon piblik, tout Tribinal ouvè pou fè odyans.
 
Pèp Ayisyen se pou w ouvè je w. Se pou w pran nòt. Se pou sa nou deside enstale Konsèy Administrasyon CNAL la. Kòm Ti Jozèf, Ti Mafi, Ti Mari pa kapab peye avoka, Leta ap mete Avoka pou plede kòz pa yo san yo pap peye yon goud.
 
Li pa posib pou yon bann moun nan prizon depi yon mwa, depi yon lane, pafwa menm 2,3,4 ,5 ,6, 7, 10 lane san jije pou yon deli minè. Paske yo vòlè yon rejim banbann, yon poul yon vwazen. Paske  te gen yon ti diskisyon ak yon vwazen, vye pawòl repete epi arestasyon mete pye, epi moun yo al rekonèt yo, y al pèdi nan prizon.
 
Nou pap ankouraje vòl ak delenkans. Men nou mande fòk Jij yo fè jòb yo. Nap konbat detansyon prevantiv nèt ale sa a ak tout fòs nou.  
Depi lontan, malere se pi gwo viktim nan kesyon lajistis. Paske yo pa konnen kòman Tribinal yo fonksyone, ki wòl yon avoka, ki wòl yon Komisè Gouvènman e ki sa la lwa di. Kanta pou asistans legal pou sitwayen ki pi vilnerab yo, sa pat janm egziste kòm sa dwa. Rezilta,-a vin bay prizon ki boure ak moun e pwoblèm detansyon prevantiv nèt ale a vi n tounen yon gwo kansè pou Leta.
 
Mesye map enstale maten an, map raple nou ke responsabilite nou se akonpaye travay manb CNAL yo. Asire nou ke manb Konsèy Nasyonal la prezan nan tout prizon, nan tout komisarya, nan tout biwo Komisè gouvènman ak nan tout Tribinal pou ede sak pi fèb yo.
 
Mwen konte sou nou anpil. Mwen enstwi nou pou nou rete pwòch manb CNAL yo yon fason pou ede yo diminye kantite moun ki nan detansyon prevantiv nèt ale.
 
Map pwofite voye yon apèl ak tout aktè ki nan Sistèm jidisyè ayisyen an. Lè nou kanpe travay, se malere yo nou fè soufri plis. Mwen envite nou rezoud pwoblèm yo nan dyalòg epi kanpe lwen koze politik.
 
Jan Prezidan Pouvwa jidisyè a te di l nan dat 8 fevriye ki sot pase a, yon moun kap travay nan Sistèm jidisyè a ki vle fè politik ou ki vle fè avoka, se pou l demisyone. Ou pap kapab Jij pou Prezidan alafwa. Ou pap ka Jij pou Avoka alafwa. Se yonn ou lòt.
 
Bati yon demokrasi pa fasil. Se nan dyalòg, se nan mete bonjan enstitisyon tankou Biwo asistans legal kanpe nap ka fè sa. Mwen envite nou tout patisipe nan rezoud gwo pwoblèm peyi a genyen. Konsa nap reyisi ansanm.
 Nap mande pou pouvwa jidisyè a jwe wòl pal. Paske twò souvan se Pouvwa Egzekitif la yo bay responsab tout deriv yo fè nan sistèm jidisyè a.
Lè frè nou, sè nou, fanmi nou nan prizon, nou pa gen lajan pou n peye avoka, CNAL la pou sa. Lap asiste nou, lap konseye nou , lap ba nou avoka ki pral defann nou devan jij nan tribinal.
 
Vive une justice accessible pour tous pour une société sans frustrations !
Merci !