Enspektè jeneral Carl Henry Boucher lib jodya dapre sa avoka li Mèt Joab Thelot deklare nan la près

Enspektè jeneral Carl Henry Boucher lib jodya dapre sa avoka li Mèt Joab Thelot deklare nan la près

Apre li fin pase plizyè jou nan izolman kòm moun ki ta responsab echèk operasyon la polis nan vilaj de Dieu jou ki te 12 mas pase la, Enspektè jeneral Carl Henry Boucher lib jodya dapre sa avoka li Mèt Joab Thelot deklare nan la près.

Nap raplew ke enspeksyon jeneral te mete enspektè Boucher nan izolman jou ki te 16 mas la apre yo te fin tande li sou sa ki te pase nan operasyon vilaj de Dieu a kote plizyè polisye te mouri ak lòt ki te blese.