Prezidan Jovenel Moise reponn kò gwoup sou kominike yo sòti kont denye dekrè pou konbat ensekirite a

Prezidan Jovenel Moise te reponn anpil delekan atoufè kap kritike dekrè li pran pou'l kreye ANI'an, e li te profite reponn Core Groupe la tou sou kominike yo te fè sòti pou yo di yo santi yo enkyè toujou sou menm kesyon dekrè ki pran pou fòme Agence Nationale d’Intelligence lan (ANI).

Prezidan Jovenel di li konnen kiyès ki al fè lòbi pou kò gwoup ka sòti kominike sa, Prezidan kotinye pou'l di se nèg ki pè sèvis entèlijans yo, se nèg ki ap byen viv lè gen enstabilite nan peyi'a ki gen problem avèk dekrè'a.

Prezidan Jovenel di menm jan Sendomeng gen DNI, Ozetazini gen FBI / CIA ki se sèvis entèlijans pa yo, ebyen se nòmal pou Ayiti gen sèvis entelijans pa'l tou. Prezidan'an di kòman fè pou'l Prezidan yon peyi epi li pa janm gen yon rapò sèvis entèlijans sou peyi'a. Antouka ann tande kòman Prezidan tap reponn kesyon jounalis yo kite nan Radyo Kanari FM jodi'a kise 13 desanm 2020 an.