Lapolis nan Mibalè entèpele 6 endividi. Plizyè nan yo, se manb 400 Mawozo kap opere nan Kwadèboukè

Lapolis nan Mibalè entèpele 6 endividi. Plizyè nan yo, se manb 400 Mawozo kap opere nan Kwadèboukè

Direksyon Jeneral Lapolis-Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik/ DDC-Arestasyon/ Lapolis nan Mibalè entèpele 6 endividi, pami yo kèk manb 400 Mawozo* 

Nan kad operasyon Direksyon Depatmantal Sant lan mennen wikenn pase a, Lapolis nan Mibalè entèpele 6 endividi. Plizyè nan yo, se manb 400 Mawozo kap opere nan Kwadèboukè. 

Endividi sa yo se: 

1- Lubin Marie Venchelle, 25 lane, moun Kwadèboukè, madanm Dony Camille; 

2- Dony Camille, 34 lane, moun Kwadèboukè. Se youn nan moun ki te prezan lè yo t’ale pran Enspektè Réginald Laleau nan legliz la nan moman yo ta pral asasine li nan dimanch 24 jiyè pase;

3- Fontus Manicile, 36 lane, moun Domon, epi se madanm Pouchon ki se chèf gang nan Domon

4 -Cherelus Makenson, alyas" Ti kanada", 38 lane, moun Kwadèboukè. Lapolis arete’l nan Komin Laskawobas;

5- Senat Jean Yves, alyas " Pouchon", 40 lane, yon chèf gang nan Domon alye Pè Lebren 400 Mawozo ke Lapolis nan Depatman Sant tap chèche depi lontan;

6-Orelien Edith, 64 lane, madanm Fantom ki te bay prezime 400 Mawozo yo kay pou te kache. 

Pou kounya, moun sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou defere yo devan enstans konsène pou swit legal yo.

 *CPRP/ W. ALEXIS*