Pwomès se dèt Président Jovenel Moïse fè yon kout pye nan depatman Grandans lan, Samdi 27 fevriye 2021 an

Pwomès se dèt / Dichiti vin komin aprè 178 lane kòm seksyon kominal.

Pòtoprens, samdi 27 fevriye 2021.- Prezidan Repiblik la , Ekselans Jovenel Moïse fè yon kout pye nan depatman Grandans lan, samdi 27 fevriye 2021 an, nan lide pou pale ak popilasyon an sou divès travay ki pral reyalize nan Dichiti epi tande revandikasyon popilasyon an sou anpil bezwen zòn sa a ki plase nan antre depatman Grandans lan. 

An atandan arete a soti ofisyèlman, Chèf Leta a pwofite onore youn nan pwomès kanpay li yo ki se fè Dichiti soti nan stad seksyon kominal poul vini Komin. Aprè anviwon 178 lane depi li te seksyon sou komin  Pestèl, Dichiti jounen jodi a pase nan ran komin, yon mannyè pou pèmèt moun kap viv nan pòt antre depatman Grandans lan benefisye tout sèvis leta ki mache ak ran li jodi a. 

Nan okazyon gwo anons sila, Prezidan Jovenel Moïse pase enstriksyon a tout enstans konsène yo pou jwe wòl yo nan mete sou pye nouvo komin sila, depi soti nan delimitasyon pou rive nan plase tout biwo ak sèvis popilasyon an ap bezwen pou l fonksyone. 

Menm jan lap fèl nan anpil komin nan peyi a, Ekselans Jovenel Moïse mande popilasyon an pou kòmanse met tèt yo ansanm pou jwenn teren pou konstriksyon santral elektrik Dichiti a, ki pral pèmèt yo benefisye avantaj kouran 24/24 la. 

Aprè Dichiti, Prezidan Jovenel Moïse ap kontinye siyonnen depatman Grandans lan, pou bwase lide ak popilasyon an epi founi je gade travay kap fèt swa nan wout oubyen nan enstalasyon Santral elektrik. Aprè 4 lane pouvwa, Chèf Leta a ap kontinye travay jiska 7 fevriye 2022.