Prezidan Repiblik la inogire travay reparasyon ak ranfòsman santral elektrik Vyeboudaken an

Prezidan Repiblik la inogire travay reparasyon ak ranfòsman santral elektrik Vyeboudaken an
Prezidan Repiblik la inogire travay reparasyon ak ranfòsman santral elektrik Vyeboudaken an

Pòtoprens,12 septanm 2020: Prezidan repiblik la, ekselans Jovenel Moïse inogire travay reparasyon ak ranfòsman santral elektrik vye Boudaken ki pwal penmèt moun nan Aken, Sen Michel, Fondènèg, jwenn kouran pandan 18 èd tan pa jou.

Pandanl tap pale ak popilasyon an ki pat janm sispann ankouraje l,  Prezidan Jovenel Moïse renouvle volontel poul mete kouran 24 sou 24 nan peyi a, nan lide pou penmèt Ayiti monte tout bon vre sou ray pwogrè ak devlopman dirab.

Travay reparasyon santral elektrik saa ki pran preske 7 mwa, akòz pyès pou repare jeneratris yo ki te difisil pou jwenn, se prèv anplis ke chèf Letaa detèmine pou respekte angajman l pou wete popilasyon an nan fè nwa ak nan mal site.

Santral saa ki se zèv pitit Vyeboudaken kap viv nan dyaspora a, e ke EDH pwal jere, se prèv ke tout moun gen yon wòl pou yo jwe pou retire Ayiti nan sou devlopman. 

Etanl tap remèsye dyaspora a pou angajman l nan devlopman kominote a, ekselans Jovenel Moïse envite tout konpatriyòt kap viv an Ayiti kou aletranje kontinye mete men poun ka konstwi yon meyè demen pou Jenès la, pou peyi a.

Finisman