Lafontan Kavens 24 lane ki sòti Pòtopwens jwenn arestasyon li nan komin Wanament ak yon wouzi

Lafontan Kavens 24 lane ki sòti Pòtopwens jwenn arestasyon li nan komin Wanament ak yon wouzi pandanl t'al fè yon brakaj nan yon mezon transfè ki rele konfesyon kominikasyon sèvis ki trouvel nan ri libete zòn ba Gaya.

Selon enfòmasyon li bay jounalis Ouanaminthe info plus li fè konnen se pandanl t'ale kay yon zanmil nan vilaj de Dye ki rele Luxon alyas ti charony,li vòlè zam nan san zanmi an pa konnen pandanl presize poul di se pa premye biznis li rantre ladan nan komin nan.

N'ap raple se kèk manm nan popilasyon Wanament la ki mete lapat sou jèn gason sa epi mennenl nan tribinal depè a, pou lapolis te vin pranl.

Se aprè plizyè èdtan yo te jwenn yon jij depè pou te vin fè konsta yo.
Jèn gason sa pase move moman anba men kèk sitwayen ki te move pi mal pase moun ki manje gèp panyòl avan menm lapolis te vin resevwa l.

Fòk nou di tou plizyè biznis nan komin nan viktim nan denye moman sa yo sitou lèn konsidere fè nwa ki blayi kòl nan vil la depi nan komansman mwa Janvye a.

#Vwapep