Jou ki te 12 Janvye 2022 a, Lapolis Mete yon militan ki tap mande Jistis pou Prezidan Jovenel deyò nan Palè

Jou ki te 12 Janvye 2022 a, Lapolis Mete yon militan ki tap mande Jistis pou Prezidan Jovenel deyò nan Palè

Lapolis mete yon militan ki tap mande Jistis pou Prezidan Jovenel deyò nan Palè Nasyonal pandan Ariel Henry tap patisipe nan yon mès espesyal pou viktim tranbleman tè 12 Janvye 2010 sou lakou palè a. Ak dlo nan jel, Militan an fè konnen se "Ariel ki manje Jovenel" poul te ka pran palè a jan li fè jodya. Plizyè lòt te bat chal bare dèyè Ariel, jis li te gen difikilte poul te pran lapawòl.