Ayè jedi 11 mas la, ajan dwanye nan vil okap ansanm ak ajan BLTS rive sezi.

Ayè jedi 11 mas la, ajan dwanye nan vil okap ansanm ak ajan BLTS rive sezi.

Ayè jedi 11 mas la ajan dwanye nan vil okap ansanm ak ajan BLTS rive sezi, 3 zam pami yo 2 manch long, 3 chajè ak anviwon 7850 katouch pou zam diferan kalib, nan dwán vil okap la, nan depatman nò peyi a.

Sezi sa  fèt, nan kad verifikasyon yon konntenè ki te sòti nan peyi le Etazini, sou non Marc Maxirène Benjamin abò bato Pepin express otorite yo deklare ke se nan Fò libète kontenè a ta prale pou “ Metro Service”

Nan kad operasyon sila, la polis yo rive arete yon endividi ki rele Wilner Varien Petit-Homme, ki idantifye nan nimewo : 1222279638.
Pou kunya dapre sa responsab la dwan yo fè konnen, endividi ki arete a ak tout materyèl ki sezi yo, nan men BLTS pou fè swivi.