Depi yon fanm di li sibi vyòl, se fini.

Depi yon fanm di li sibi vyòl, se fini.
Depi yon fanm di li sibi vyòl, se fini. Yon "jounalis" pa dwe ap pèsiste sou zafè *konbyen moun ki pase sou li, èske fanm nan te santi filin, èske yo te mete kapòt, konbyen jou kadejakè yo fè ap kouche li?* Kesyon sa yo kite yo pou Medsen, psikològ, moun ki la pou fè ankèt ak suivi medikal.
Boutofen, gen kesyon yon "jounalis" poze yon fanm ki viktim vyòl, se tankou yon lòt kout kouto pou viktim nan. Gen kesyon ki tèlman stipid, m mande èske moun sa k ap poze kesyon sa yo gen lisidite...
Gen mikwomann ki tèlman rete sou vyòl la, se tankou yo renmen sa. Mikwomann sa yo dwe konnen Ayiti p ap rete latrin.
M menm poze kesyon pou konnen èske moun sa yo te pase nan yon lekòl jounalistik?
Fòk nan nouvèl Ayiti a nèg ak fanm al chita lekòl pou aprann avan yo pran mikwo ap di betiz sou moun...
kredi teks : ILEUS PAPILON
sous : T-zen chile