La Polis sezi 120 000 mil katouch, otorite yo anonse gen dispozisyon ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES

Plis detay sou kantite bal ak zam yo jwenn podepè an

La Polis sezi 120 000 mil katouch, otorite yo anonse gen dispozisyon ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES 

La Polis Nòdwès anonse yo sezi vandredi premye jiyè 2022 a, nan tèt kole ak Brigad siveyans Ladwàn sou waf Pòdepè ak lakay Edy Lafrance 120,000 katouch ki te nan 157 kès ki te repati

✓114,000 katouch 5.56 ki nan 151 kès

✓2,000 katouch 9mm ki nan 2 kès

✓4,000 katouch 7.62 ki nan 4 kès

✓2 pistolets 9mm

✓1 revolver kalib 38

✓30 chajè AK-47

✓20 Fouro AK-47

✓3,890 dola ameriken 

✓814,343 goud 

Selon Lapolis zam ak minisyon ilegal sa yo soti nan Eta Florid (Etazini) yo rantre abò bato ki pote non MISS LILI a. 

Apre fouy ki fèt kay Edy Lafrance ki te deja resevwa 7 nan kès katouch yo ak yon droum ki poko rekipere, Lapolis Nòdwès arete Fritz Jean Relus, yon prezime konplis, sou lòd komisè Gouvènman Pòdepè a, Me Michelet Virgile.

Toujou nan kad dosye sa Lapolis anonse gen yon avi rechèch kont 3 moun nan dosye sa:

Marie Guirlène Estimable ak Wilfrid Estimable ki se 2 moun ki nan trafik zam ak minisyon ant Etazini ak Ayiti. Youn se enpòtatè, lot la se ekspòtatè.

3e moun nan se Edy Lafrance kap antrepoze ak distribye zam ilegal sa yo.

Daprè otorite polisyè yo gen lòt dispozisyon ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES ki te aksèpte pran responsablite pou transpòte zam ak minisyon ilegal sa yo.

Responsab Polis la nan Nòdwès la bat bravo pou bon kolaborasyon ki te genyen ak enstitisyon nan kad dosye sa. Yo angaje pou kwape menas kriminėl soti nan peyi etranje pou alimante ensekirite nan peyi a. 

Gen plizyè sitwayen nan Site Kapwa k ap poze anpil kesyon sou dosye sa tankou :

- Poukisa la jistis ak la polis kenbe travayè ya pou yo ka jwenn moun ki tap vin chèche bwat yo epi yo pa kenbe sèvant lan yo jwenn nan kay la ki ta sanble se yon fanmiy e ki pi konn moun yo ? 

- kote moun yo te arete nan zafè zam nan bato Man Tiga ?

#Sous: Wilgens Devilas