Josh Casimir rive sove 3 moun nan nofraj flyboat ki te fèt nan lanmè zile lagonav, kote plizyè moun pèdi lavi yo.

Josh Casimir rive sove 3 moun nan nofraj flyboat ki te fèt nan lanmè zile lagonav, kote plizyè moun pèdi lavi yo.

Nou dwe kontinye kwè nan fòs nou 

A chak fwa, tan an vin pi fè nwa an Ayiti... nou toujou jwenn yon ti lòsyè limyè ak lespwa ki ka fè nou kwè ankò, ki ka fè nou soude ankò. 

Josh Casimir rive sove 3 moun nan nofraj flyboat ki te fèt nan lanmè zile lagonav, kote plizyè moun pèdi lavi yo. Li pèdi tout sa l genyen, men li rive sove 3 vi, ladan yo yon timoun. Li se Ewo.

Rose Lumane Saint-Jean ap reprezante nan final ak tout fyète li Lafrans nan konkou elokans ke Inivèsite "Sorbonne" òganize nan lakou "Paris". Li se Ewo.

Eden Berandoive sot reprezante nou nan Miss Universe ak tout souri li...se vre li pa rive nan finalis yo men li te bay tout li menm, e w te ka wè tout mobilizasyon ki te genyen sou rezo yo ak li. Nou te soude. Li se Ewo. 

Jèn sa yo montre, ke anpil jèn nan peyi a gen anpil pou yo ofri men, yo manke jwenn OPÒTINITE pou fè sa. 

Nou bezwen plante plis kondisyon pou lavi jèn yo ka ase epanouyi, konsa nap kapab rekòlte plis EWO toujou.

Kredi : Andy Vilbert