Bandi ak zam kidnape yon kouzen defen Michael Benjamin Mikaben

Bandi ak zam kidnape yon kouzen defen Michael Benjamin Mikaben
Bandi ak zam kidnape depi plizyè jou Frédéric Dupoux, ki se kouzen defen chantè Michael Benjamin. Se Joseph Zény anpil moun konnen sou non atis li (Ti Joe Zeny) ki te konfime nouvèl la pandan yon seremoni omaj ki te òganize nan memwa Mikaben ayè lendi 17 oktòb la nan “accor Arena” nan vil Pari (Lafrans) 

Bandi ame kap opere nan Pòtoprens, pa sispann kreye panik nan mitan fanmi yo an Ayiti, malgre nouvèl lanmò jenn patriyòt la a ki mete yon dezolasyon total nan fanmi atis la, kidnapè san ginen pat wont ni krent mete dlo nan zye fanmi sa a. Semèn pase a, yon kouzen defen chantè Michael Benjamin te malerezman yon nouvo sib pou kidnapè yo. Frédéric Dupoux, se non Viktim nan, li se tou parenn Maryaj Mika, selon sa a lidè gwoup ” Kreyòl La” fè konnen.                                 

Daprè deklarasyon Joseph Zény (Ti Joe Zény) te fè ayè lendi  an, nan okazyon yon seremoni omaj ki te òganize nan vil Pari, nan memwa defen an, kidnapin nan te fèt avan menm lanmò atis la. 

Pi lwen, lid vokal djaz “Kreyòl la” mande pou bandi yo libere kouzen defen an, paske fanmi an deja san fòs pou simonte moman difisil sa yo. 

Pou moman redaksyon sa a 9:40 AM, poko gen okenn nouvèl ki konfime ki gwoup bandi ki kidnape kouzen defen an, ni konbyen ravisè yo egzije pou liberasyon otaj la.