Pou tout moun ki konn leve lannwit swa pou al nan twalèt ou byen al bwè dlo kèlkonk

Pou tout moun ki konn leve lannwit swa pou al nan twalèt ou byen al bwè dlo kèlkonk

Pou tout moun ki konn leve lannwit swa pou al nan twalèt ou byen al bwè dlo kèlkonk.... Tande sa

 Kèlkeswa moun ou ye a pafwa ou leve nan mitan lannwit lan kanmenm pou w al regle yon bagay.

Sitou pou manman yo ki toujou ap veye sou pitit yo, se de a twa fwa yo konn leve al gade evolisyon timoun yo....

 Lè w leve granmaten tou, gen anpil prekosyon ou dwe pran e li enpòtan anpil pou w konnen yon seri de bagay.

Pafwa ou konn wè yon moun yèswa epi nan maten ou tande l mouri. Lè sa a ou sezi, ou di mezanmi yèswa m pale ak li wi. Kisa l te genyen?

Enben rezon an sèke lè yon moun apèn leve nan dòmi pou al fè pipi ou byen yon lòt bagay kèlkonk, li dwe fè yon ti poze pou 30 segonn.

Sak fè sa, se paske lè w leve nan dòmi sèvo a manke san ladan l kap sikile paske w tap dòmi. 

Kidonk lè w leve voup pou w al fè bezwen w lan li pa gentan jwenn tout san li bezwen pou l fonksyone a; li vi n anemi e sa ka pwovoke yon "kriz kadyak" epi ou ka mouri sibitman.

Se sak fè m konseye nou chak fwa nou reveye lannwit

1- rete kouche toujou pou 30 segonn.

2- apre sa leve chita arebò kabann nan pou 30 segonn pandan pye w bese.

Lè sa a tout san nan kò w gentan chache plas yo nan sèvo w ak nan kè w.

Souple lè w fin li mesaj sa a pa kenbe l pou ou. 

Pataje l ak fanmi w ak tout zanmi w. Petèt ou va sove lavi yon moun.

      *Docteur Woodly*